|
YO REKONÈT M-DCPS POU PLIS PASE 25 LANE NAN MIAMI—Lekòl Leta Miami-Dade County gen distenksyon pou patisipasyon li nan “Certificate of Excellence (COE)” (Sètifika Ekselans) nan pwogram Repòtaj Finansye pou plis pase 25 ane. Sèlman 58 lòt distri lekòl te resevwa onè sa a. Pou plis pase 100 ane, ASBO Entènasyonal ap ofri sèvis ak pwogram ki souliyen pratik jesyon biznis lekòl bon kalite, devlopman pwofesyonèl ak resous edikasyonèl efikas. Òganizasyon an sèvi plis pase 6,000 manm sou tout glòb la. Se VALIC, founisè nimewo en plan retrèt K-12 nan peyi a, ki patwone pwogram COE a.
### 11-JJS/215/DF/RL
|