|
MAGAZIN U.S. NEWS & WORLD REPORT NONMEN NÈF LEKÒL SEGONDÈ MIAMI – Magazin U.S. News & World Report anonse lis anyèl 100 Lekòl Segondè “Gold Medal” (Meday Lò) li a ak kat lekòl leta Miami-Dade County, ki se Coral Reef Senior High, Design & Architecture Senior High School (DASH), Maritime & Science Technology Academy (MAST) ak New World School of the Arts (NWSA), ki fè nòt kòm Meyè Lekòl Segondè 2011 Amerika. Magazin nan onore tou senk lòt lekòl segondè Miami-Dade. Gayan yo gen ladan ajan, bwonz ak lekòl onorab: Yo te analize apeprè 21,000 lekòl segondè konsa ki soti nan 48 eta nan sèvi ak yon fòmil rechèch done ak analiz biznis K-12 pwodui e Standard & Poor's jere. Yo te baze twa etap analiz yo sou egzamen “Advanced Placement (AP)” (Plasman Avanse), egzamen “International Baccalaureate (IB)” (Bakaloreya Entènasyonal), epi toude egzamen AP ak IB yo ansanm. 100 lekòl ki te fè meyè nòt yo te genyen meday lò. Magazin nan klase tou lekòl segondè nan plizyè lòt kategori. Nan Meyè Lekòl Magnèt yo, kat lekòl Dade te nan lis 100 an: DASH te an 15yèm, MAST – 66yèm, NWSA – 82yèm, e Coral Reef – 95yèm. Yo te evalye prèske 600 lekòl nan matyè yo. Yo te chwazi desan uit kòm Meyè Lekòl pou Matematik ak Syans. Pami lekòl ki genyen se te twa lekòl Miami-Dade: MAST, Lekòl pou Etid Avanse - Nò, ak Lekòl pou Etid Avanse - Sid. Pami lis 301 Salklas ki pi Konnekte an tèm Entènèt pòtab ak espas travay dijital: Mater Academy Charter Middle/High School te nan pozisyon 155. Tout lis lekòl sa yo disponib kounye a sou sit Entènèt U.S. News: http://education.usnews.rankingsandreviews.com/best-high-schools/rankings/gold-medal-list.
### 11/JS/216/HD/RL
|