|
VIN RANKONTRE NOU SAMDI 19 NOVANM POU PATISIPE NAN KOUS/MACH 5K “Take Stock in Children (TSIC)” (Envesti nan Timoun yo) ap fè patenarya avèk Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon, Inc. ap ramase lajan pou achte bous kolèj pou elèv ki merite, ki a risk nan fè yon Mach/Kous 5K samdi 19 novanm nan Kanpous Kendall Kolèj Miami Dade. Enskripsyon an se a 6:30 dimaten e kous la ap kòmanse a 7:30 dimaten. Kanpous Kendall la lokalize nan 11011 S.W. 104th St., Miami. Enskripsyon gratis pou tout elèv e li $35 pou adilt ki ap kouri/mache. Elèv Lekòl Leta Miami-Dade County ki patisipe nan jounen an ap resevwa senk èdtan kredi pou sèvis kominotè. Anplis, TSIC pral rekonpanse ak òdinatè pòtab moun ki ramase plis lajan nan diferan kategori konpetitif yo. TSIC se yon òganizasyon ki pa la pou pwofi ki bay bous, jwe wòl parenn/marenn e swete ogmante konsyantizasyon ak fon pou ti jèn Florid paran yo pa gen gwo mwayen e ki a risk nan Lekòl Leta Miami-Dade County e ki vle pousuiv etid yo nan kolèj. Evènman lokal la fè pati efò Mach/Kous 5K “Gran Pa pou Edikasyon” TSIC atravè tout eta a. Pou enskri pou evènman Miami-Dade la vizite: http://giveourstudentstheworld.org/events.
### 11-JS/218/HD/RL
|