|
***DIFIZYON FOTO*** LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY, DR PEPPER SNAPPLE GROUP, KaBOOM! METE ANSANM POU BATI YON NOUVO TEREN JWÈT POU LEKÒL ELEMANTÈ EDISON PARK Volontè ki soti nan KaBOOM! ak Dr Pepper Snapple Group ap travay nan Lekòl Elemantè Edison Park anba pwogram “Let’s Play” (Ann Jwe) pou kreye yon teren jwèt nan sèlman yon jounen. Nouvo teren jwèt la pral ofri prèske 400 timoun ki ale nan lekòl la yon kote ki ansekirite pou yo jwe. KaBOOM! se yon òganizasyon nasyonal ki pa la pou pwofi ki devwe pou l prezève jwèt. Depi 15 an, KaBOOM! ap konbat Defisi Jwèt e l ap prezève jwèt nan asire genyen yon bon espas pou jwe toupre chak timoun.
### 11-JS/221/GC/RL
|