|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 22 novanm 2011 |
KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188 |
***NÒT POU LAPRÈS***
LEKÒL ELEMANTÈ SUNSET AP PATISIPE NAN PWOJÈ REKLAMASYON XAVIER CORTADA, 23 NOVANM
|
Pwofesè, elèv ak paran Lekòl Elemantè Sunset, e atist Miami Xavier Cortada
|
|
Pwojè Reklamasyon Xavier Cortada |
KILÈ: |
Mèkredi 23 novanm 2011
9:00 dimaten
|
KI KOTE: |
Sunset Elementary School
5120 SW 72nd Street
Miami, Florida 33142 |
POUKISA: |
Se PTA Lekòl Elemantè Sunset ki patwone, elèv nan lekòl la pou resevwa ti pye bwa pou plante sou teren lekòl la ansanm ak yon drapo vè atisitik Cortada desine, pou ede replante nan bitasyon iban natif-natal Sid Florid. Elèv yo pral kòmanse plante ti pye bwa yo nan yon vitrin ar yo enstale nan bilding nan. Anplis plante yon drapo ak pye bwa sou kanpous la, 200 elèv ap resevwa pwòp pye bwa yo pou plante lakay yo. Aktivite sa a ap montre elèv yo enpòtans pou soutni enviwònman an e aksantye sou lefèt plis plant yo plante e nouri pou li grandi, se plis lè a ap rete pwòp, e se va mwens efè kabòn nou kolektifman depoze ap genyen.
|
# # #
011-JJS/224/TTR/CF
Retounen sou Nòt pou Laprès |