|
YO SELEKSYONE YON ELÈV LEKÒL ELEMANTÈ SUNSET KÒM FINALIS NAN KONKOU AR ELÈV “McGRAW-HILL EDUCATION” “THIS IS MY MATH” Yo seleksyone Finley Moss, yon elèv 2yèm ane eskolè nan Lekòl Elemantè Sunset kòm yon finalis nan yon konkou nasyonal ar elèv nan “McGraw-Hill Education”. Moss se youn nan 72 finalis yo seleksyone sou plis pase 2,400 kandida ki demontre kisa matematik reprezante pou jèn atis la atravè eskilti, desen, penti ak fotografi. Konkou ar elèv “McGraw-Hill Education” “This is My Math” (Sa se Matematik Mwen) angaje elèv Jadendanfan rive 5yèm ane eskolè nan itilizasyon reyèl matematik deyò salklas la. Kominote a ap gen opòtinite vote pou kandidati Finley, “MATH IS YUMMY” (MATEMATIK GOU) lè yo ale sou: http://mymath.shycast.com/?ak=/p/, jiska 27 novanm a midi. Pou yon moun pa vote plizyè fwa, votè yo dwe siyen avan yo vote. Pandan moman sa a, gen yon panèl ki ap evalye finalis yo. Panèl sa a gen ladan jij selèb tankou atis, edikatè ak jounalis. Nòt total jij yo ak piblik jeneral la ap detèmine gayan yo, y ap anonse 5 desanm 2011. Y ap prezante travay ar elèv gayan an yon fason ki vizib sou konpozan ekri ak dijital nouvo pwogram matematik elemantè McGraw-Hill, My Math, e y ap ekspoze tou travay ar 72 finalis yo. Anplis, y ap ekspoze seleksyon gayan yo nan nouvo Mize Matematik la lè li ouvri ane pwochèn nan Vil New York. Pwofesè ak kondisip elèv gayan yo ap resevwa $15,000 nan prim amizan e fonksyonèl pou salklas atravè sipò jenere patwon konkou a tankou Promethean, netTrekker, Psychological Software Solutions, Intel, Texas Instruments, elnstruction, VWR Education/Science Kit, The Math Forum @ Drexel ak Crayola.
### 11-JS/225/GC/CM
Desen Finley Moss la ki rele “Math is Yummy”
|