|
YO CHWAZI LEKÒL MWAYEN WEST MIAMI KÒM FINALIS NAN KONPETISYON ‘RENOVASYON LEKÒL VỀT ETAZINI’ Lekòl Mwayen West Miami se youn nan dis lekòl ki lokalize nan vil atravè peyi a yo chwazi jodi a kòm finalis nan Konpetisyon Renovasyon Global Lekòl Vèt Etazini, “Pureology” prezante. “Pureology Serious Colour Care” se yon liy swen cheve pwofesyonèl ki angaje l pou byennèt anviwònman an, e depi nesans li an 2001, li pran mezi pou l diminye enpak li sou anviwònman an nan sèvi avèk plant natirèl, òganik ak 100% engredyan vejetaryen. Yo te chwazi Lekòl Mwayen West Miami kòm finalis nan mitan plis pase 200 lekòl, baze sou klarite ak deskripsyon defi vèt lekòl la gen pou l leve ak nesesite pou renovasyon. Chak aplikasyon yo gen ladan pwopozisyon pou amelyorasyon vèt, tankou plante jaden legim òganik, kreye pwogram resiklaj, e adopte modènizasyon ak efikasite enèji. Atravè semèn k ap vini yo, yon panèl jij pral evalye lekòl yo e chwazi youn pou genyen yon gwo pri pou efikasite enèjetik ak modènizasyon dirab yo evalye a $130,000, e yo pral anonse sa 6 desanm. Kat lekòl ki an premye yo ap resevwa $2,500 chak pou fè lekòl yo vin pi dirab. Pou aprann kijan pou egzekite amelyorasyon vèt nan lekòl ou, lakay ou ak kominote a, silvouplè vizite www.globalgreen.org/greenschools. Pou plis enfòmasyon e pou wè lekòl finalis yo, silvouplè vizite www.globalgreen.org/articles/greenschools/19
### 11-JS/226/GC/RL
|