|
LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY AP LANSE KANPAY RANMASE LAJAN METE SISTÈM SAN FIL NAN SALKLAS POU JWENN FON FEDERAL POU AMELYORE TEKNOLOJI NAN SALKLAS YO Sipèentandan Lekòl Miami-Dade yo Alberto M. Carvalho anonse Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon, òganizasyon ki pa la pou pwofi ki ap sipòte Lekòl Miami-Dade yo, lanse yon kanpay yo rele “Bringing Wireless to the Classroom” (Mete Sistèm San Fil nan Salklas la), pou ranmase $7 milyon anvan 31 janvye 2012. Yo pral matche fon sa yo avèk dola federal nan valè $100 pou chak $10 yo ranmase, jisrive $70 milyon pou finanse amelyorasyon teknoloji ki nesesè nan lekòl leta Miami-Dade yo.
Bi Distri a se pou l konekte sistèm san fil nan tout lekòl yo nan ane lekòl 2012-2013 la. Fondasyon an ap prese chèche kontribisyon ki soti nan biznis lokal ak sitwayen prive rive nan delè 31 janvye 2012 pwogram “E-Rate” (Sèvis Entènèt) “Federal Communications Commission (FCC)” (Komisyon Kominikasyon Federal) la pou l mete fon lokal yo an plas. Carvalho di, “Opòtinite pou nou jwenn yon si gwo kantite lajan ki ka sèvi espesifikman pou amelyorasyon teknoloji nan lekòl nou yo, non sèlman reprezante yon chans pou amelyore anviwònman ansèyman pou chak timoun, men li ka sèvi pou motive kreyasyon travay nan sektè prive a paske y ap bay kontra pou fè travay ki asosye avèk enstalasyon ak mentnans amelyorasyon dijital atravè tout distri a.” Administratè distri lekòl yo estime l ap koute apeprè $200,000 pou amelyore teknoloji san fil nan chak lekòl. Amelyorasyon dijital fon sa yo ofri ka akselere pwovizyon pou amelyorasyon ki esansyèl, patikilyèman nan lekòl ki pi ansyen kote enfrastrikti pa fasilman sipòte aparèy ki gen fil oubyen konektivite “broadband” (Entènèt gwo kapasite). Carvalho di, “Rezilta potansyèl benefis sou envestisman sa a ale pi lwen pase matche finansman 10 a 1 an… vrè “ROI” (benefis sou envestisman) an se kantite ogmantasyon nan opòtinite enstriksyon nou ka ofri elèv nou yo ak travay nou ka kreye nan kominote a.” Chak lekòl nan Miami-Dade kalifye pou jwenn fon federal ki matche. Carvalho di, “Pandan n ap avanse pou pi devan, n ap imajine salklas dijital ki pral sèvi kòm laboratwa enstriksyon vibran ki se rezilta bonjan ansèyman... Pou sa rive fèt, nou dwe balanse opòtinite pou envestisman pou aksè 24/7 pou ansèyman nenpòt lè, nenpòt kote pou elèv nou yo; sant òdinatè vityèl; ak zouti rechèch ak kominikasyon puisan ki pral ouvri fènèt vityèl atravè distri sa a pou chak timoun ki antre nan yon lekòl M-DCPS. Mwen ankouraje chak moun pou fè yon envestisman nan avni kominote nou an, nan fè yon envestisman nan elèv nou yo jodi a.” Pou kontribye sou Entènèt, vizite www.helpdadeschools.com klike “donate button” (bouton donasyon) an, e mande pou yo bay fon an nan pwogram “Give Kids the World – A World of Technology” (Bay Timoun Mond lan – Yon Mond Teknoloji).
### 11/JS/228/GC
|