|
EKSPOZISYON ELÈV POU PREZANTE LEKÒL MIAMI BEACH, 1YE DESANM Lekòl Leta Miami-Dade County, nan kolaborasyon avèk Vil Miami Beach, pral fè Ekspozisyon Elèv Miami Beach li a jedi 1ye desanm, soti 4:30 rive 7:30 diswa pou ekspoze anpil nan lekòl leta ki nan vil la ak pwogram lekòl yo. Ekspozisyon an ap fèt nan Lekòl Leta Miami Beach ki lokalize nan 2231 Prairie Avenue, Miami Beach, FL 33139. Ekspozisyon an ap gen ladan pèfòmans elèv, yon galri ar elèv ak yon fwa kourikoulòm. L ap bay elèv Miami Beach ak fanmi yo enfòmasyon sou Bakaloreya Entènasyonal, Pòtal Paran, Sekirite nan Lekòl, Sante ak Byennèt, ak sèvis yo bay nan Vil Miami Beach. Pou plis enfòmasyon, kontakte Lubby Navarro, Direktè, “Office of Intergovernmental Affairs, Grants Administration and Community Engagement” (Biwo Afè Entègouvènmantal, Administrasyon Don ak Angajman Kominotè), nan 305-995-4240.
### 11-JS/230/HD/CM
|