POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 6 desanm 2011    

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS AK KOLÈJ MIAMI-DADE PRAL FÈ EKSPOZISYON CHEMEN KARYÈ POU ELÈV AK ADILT

KIYÈS: 

Pwofesè ak anplwaye Lekòl Leta Miami-Dade County ak Kolèj Miami Dade, elèv, paran ak sitwayen ki enterese

KISA:
EKSPOZISYON Chemen Karyè 2011 pou Elèv ak Adilt
KILÈ: 
Samdi 10 desanm, soti 10:00 dimaten rive 3:00 nan aprèmidi
KI KOTE: 

William H. Turner Technical Arts High School
10151 N.W. 19th Avenue, Miami, FL 33147

POUKISA:

Paran ak elèv Jadendanfan rive 12yèm ane eskolè, menm jan ak elèv adilt, yo ankouraje yo ale nan EKSPOZISYON Chemen Karyè 2011 pou Elèv ak Adilt pou yo ka aprann plis sou pwogram Edikasyon sou Karyè ak sèvis yo bay nan Lekòl Leta Miami-Dade County ak Kolèj Miami Dade.

EKSPOZISYON gratis la ap pèmèt patisipan yo aprann sou pwogram akademi karyè tankou Achitekti ak Konstriksyon, Enfòmatik, Ospitalite ak Touris, Edikasyon sou Syans Agrikòl, Syans Sante/Medikal ak anpil lòt toujou.  EKSPOZISYON an se yon opòtinite pou ede elèv chwazi yon chemen karyè pou lavni.   

Pou plis enfòmasyon, rele 305-693-3030 oubyen vizite http://dcte.dadeschools.net

 

# # #

11-JS/234/DF/CM    

 

Retounen sou Nòt pou Laprès