|
***DIFIZYON FOTO*** GREENBERG, ADMINISTRATÈ VETERAN M-DCPS, PRETE SÈMAN POU PÒS NAN GOUVÈNMAN FEDERAL
Dtè. Jayne D. Greenberg, yon administratè veteran M-DCPS, parèt nan foto sa a pandan li ap prete sèman kòm yon manm Konsil Prezidan an sou Byennèt Fizik, Espò, ak Nitrisyon. Anvan sa, Greenberg te sèvi kòm Konseye Espesyal pou Konsil Prezidan sou Byennèt Fizik Lajenès ak Espò e kòm Prezidan Alyans pou Sante Florid, Edikasyon Fizik, Rekreyasyon, Dans, ak Edikasyon Chofè. Li te asiste Depatman Sante ak Sèvis Imèn Etazini nan devlope Pwogram “Mwen Ka Fè l, Ou Ka Fè l,” ki adrese edikasyon fizik pou jèn ki gen andikap.
### JS-237/GC/RL
|