POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 7 desanm 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ELÈV LEKÒL LETA MIAMI-DADE KONTINYE AP EKSPOZE
NIVO SIKSÈ WO NAN LEKTI AK MATEMATIK

Pou yon dezyèm ane, elèv nan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) kontinye ap ekspoze niwo siksè wo nan lekti ak matematik nan “National Assessment for Educational Progress (NAEP)” (Evalyasyon Nasyonal pou Pwogrè Edikasyonèl), daprè “The Nation’s Report Card, Trial Urban District Reports in Reading and Mathematics” (Kanè Peyi a, Rapò Esè Iben Distri sou Lekti ak Matematik), kote “National Center for Education Statistics (NCES)” (Sant Nasyonal pou Estatistik Edikasyon) te distribye jodi a.
 
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Rezilta wo eksepsyonèl elèv Lekòl Leta Miami-Dade County nan ane 2009 la te pwodui dout kay moun ki negatif yo… Pèfòmans wo ki repete ane sa a konfime elèv nou yo vrèman ap eksele.”
 
Yo fè pwogrè malgre bès ki genyen nan disponiblite resous ekonomik nan Disti a e pou elèv nou yo ak fanmi yo.  Plis pase 5,300 elèv nan 160 lekòl nan Miami-Dade County te patisipe nan NAEP 2011 yo administre nan 4yèm ak 8yèm ane eskolè.
 
Pami gran liy nan rezilta ane sa a:
 
• Elèv nan Distri a resevwa nòt piwo pase kondisip yo nan gran vil (popilasyon ki
 depase 250,000) nan toude antèm echèl nòt mwayèn e pousantaj nòt pi wo baz
 nan lekti 4yèm ak 8yèm ane eskolè; e nan matematik, 4yèm ane
 eskolè.
 
• Elèv Ispanik nan M-DCPS kenbe nivo siksè wo nou te wè nan ane 2009 la.
 
•Nòt wo Distri a nan lekti ak matematik nan ane 2009 te rete estab an 2011 pou elèv nan toude 4yèm ak 8yèm ane eskolè, paralèl ak elèv nan tout eta Florid la.
 
Se dezyèm ane M-DCPS patisipe nan pwogram “Trial Urban District Assessment”
ki konpare siksè elèv nan gran distri iben (popilasyon depase 250,000) ki fè
fas ak prèske menm defi konsènan povrete ak popilasyon ki nan risk wo.
 
Distri yo ki te patisipe nan ane 2011 se te, Albuquerque, Atlanta, Austin, Baltimore, Boston, Charlotte, Chicago, Cleveland, Dallas, Detroit, District of Columbia, Fresno, Hillsborough (FL), Houston, Jefferson County (KY), Los Angeles, Miami-Dade, Milwaukee, New York City, Philadelphia, ak San Diego.  Twa distri yo (ann italik) ki gen ladan yon dezyèm distri nan Florid, Lekòl Leta Hillsborough County, te patisipe pou premye fwa ane sa a.

 

###

11-JS/238/JS/CF

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès