POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 12 desanm 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

TO GRADYASYON LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY ATENN PI WO NIVO LI DEPI TOUT TAN

To gradyasyon “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) rive nan wotè li pa janm rive ki se 77.7 pousan pou ane akademik 2010-2011la.  Se yon ogmantasyon 5.6 pousan konpare avèk nivo ane pase a ki se 72.1 E to gradyasyon ki pi wo M-DCPS reyalize depi Depatman Edikasyon Florid te kòmanse suiv estatistik gradyasyon yo avèk metòd modèn nan fen ane 1990 yo.  Miami-Dade amelyore avèk yon to ki siperyè anpil avèk to amelyorasyon eta a.  An fèt, pandan eta a ogmante to gradyasyon li avèk en (1) pousan sèlman, Miami-Dade dramatikman ogmante de prèske sis pousan.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Tandans gwo amelyorasyon sa a ankourajan anpil e li demontre plan pou ogmante akonplisman elèv nou an ap mache…  Nou asosye meyè pwofesè ak meyè administratè nan efò sa a pou ede elèv yo gradye e prepare yo pou kolèj ak karyè.  Rezilta sa yo vini tousuit apre gwo nòt elèv yo te fè nan lekti ak matematik nan Evalyasyon Nasyonal Pwogrè Edikasyonèl.  Carvalho ajoute, “Paran, pwofesè ak lidè lekòl yo, tout ka pran fyète nan akonplisman sa yo.”

Komisyonè Edikasyon Florid, Gerard Robinson, resamman note pwogrè Miami-Dade lè l di, “Elèv Miami-Dade fè plis nòt pase mwayèn elèv nan gran vil yo (popilasyon ki depase 250,000) nan toude aspè sa yo, echèl nòt ak pousantaj nòt ki depase nòt debaz nan lekti pou klas 4yèm ak 8yèm, e nan matematik klas 4yèm ane eskolè.”

Amelyorasyon nan to gradyasyon distri a te vin posib gras ak yon plan detaye pou adrese nouvo estanda responsablite pou lekòl segondè.  Gen kou ratrapaj sou Entènèt ki te vin disponib pou ede elèv asire yo te ka ratrape travay klas ki enpòtan.

Peryòd adisyonèl nan jounen lekòl la te bay elèv yo opòtinite pou akselerasyon ak rekiperasyon kredi nan klas.  Yo te bay konseye lekòl segondè yo devlopman pwofesyonèl sou kijan pou ede elèv rekipere kredi yo bezwen.  Anplis, pou bay elèv sa yo yon tranzisyon ki pi fasil pou ale nan edikasyon lekòl segondè, Distri a te kòmanse konsantre atansyon byen bonè sou enpòtans gradyasyon, kòmanse avèk lekòl mwayen.  Adisyonèlman, gen yon pwogram lekòl ann ete ki te ofri elèv opòtinite pou ratrape travay klas yo. 

 

###

11-JJS/241/CM    

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès