POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 13 desanm 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

REYINYON KOMINOTÈ POU DISKITE AMELYORASYON LEKÒL AK
PATISIPASYON PARAN NAN LEKÒL SEGONDÈ MIAMI EDISON, MIAMI CENTRAL

Dezyèm reyinyon piblik pou adrese kesyon amelyorasyon lekòl ki gen rapò ak lekòl segondè Miami Edison e Miami Central ap fèt madi 13 desanm 6:00-8:30 diswa nan Lekòl Segondè Miami Central, 1781 NW 95th Street, Miami, FL 33147. 

Reprezantan Depatman Edikasyon Florid ap sou plas pou patisipe nan yon diskisyon ki gen rapò espesifikman ak patisipasyon paran e kominotè nan sant vil la.

Reyinyon sa yo se yon demand nan pwosesis apèl ki te ale devan Komisyon Edikasyon Florid nan kòmansman ane sa a, lè Miami Edison ak Miami Central te fè fas ak posiblite pou yo te fèmen yo anba règleman responsablite eta a.

Y ap sèvi bwat dine sosyal, e y ap bay sèvis swen timoun, transpòtasyon ak prim nan pòt la.

###

011-JJS/242/GC/SD

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès