POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 15 desanm 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

***DIFIZYON FOTO***

ELÈV NAN LEKÒL ELEMANTÈ PHYLLIS RUTH MILLER
AP RESEVWA JWÈT NAN MEN BIWO ETABLISMAN LEKÒL M-DCPS

Angel Rosie Pierre, yon elèv nan Lekòl Elemantè Phyllis Ruth Miller ap resevwa yon jwèt nan men Tonton Nwèl ak èd li yo pandan Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ap gade.  Pou plis pase nèf ane, Biwo Etablisman Lekòl la kolekte jwèt e distribye yo bay timoun M-DCPS yo. Evènman ki te debite kòm yon inisyativ entèn, kounye a tounen yon evènman atravè tout distri a. Anplwaye yo bay plis pase 6,000 jwèt pou distribye ane sa a.

###

JS-243/GC/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès