POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 15 desanm 2011      

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

DEFANSÈ DOLPHINS KEVIN BURNETT AP BAY 20 ELÈV KI PA GEN GWO MWAYEN ÒDINATÈ PÒTATIF AK PLAK KÒM PATISIPASYON PA LI NAN SELEBRASYON SEZON FÈT LA

Burnett pral bay 20 elèv, 10 pou chak distri, Miami-Dade ak Broward, plak Samsung ak òdinatè pòtatif Acer kòm patisipasyon pa li nan selebrasyon sezon fèt anyèl la, atravè Fondasyon Kevin Burnett

KIYÈS: 

Kevin Burnett, Defansè Miami Dolphins, ak 20 elèv ki soti nan distri Miami-Dade ak Broward, pami yo gen elèv ki soti nan Lekòl Mwayen Westview

KISA:

Distribisyon Òdinatè Pòtatif ak Plak
Msye. Burnett pral rankontre e salye elèv ak fanmi yo anvan li bay chak elèv yon plak Samsung oubyen yon òdinatè pòtatif Acer tounèf.

KILÈ: 

Lendi 19 desanm 2011
Diponiblite pou Medya: 7-7:20 diswa
Selebrasyon pou Sezon Fèt la: 7:30-8:30 diswa

KI KOTE: 

Best Buy
2200 S. University Drive
Davie, FL 33324     

POUKISA:

Fondasyon Kevin Burnett la sèvi pou pwomouvwa aprann li e ekri ak edikasyon bon kalite nan pote limyè ak direksyon pou elèv ki pa gen gwo mwayen atravè yon gwo kantite resous ki bay siksè.

KONTAKTE:

Ben Weiss, Fondasyon Kevin Burnett, ben@globalsports-ent.com
Ilona Wolpin, Direktè Anchèf Relasyon Kominotè Miami Dolphins, iwolpin@dolphins.com
Kirk Harris, Manadjè Solisyon Kliyan Best Buy, kirk.harris@bestbuy.com

# # #

011-JJS/244/VVL/RL

 

Retounen sou Nòt pou Laprès