POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 11 janvye 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

FONDASYON KNIGHT BAY M-DCPS YON DON $1 MILYON POU L FÈ EKSPERYANS PWOMNAD KILTIRÈL

Ane sa a, 130,000 elèv nan Lekòl Leta Miami-Dade County pral ale nan yon pwomnad kiltirèl – de fwa chif aktyèl la – avèk nouvo fon ki soti nan Fondasyon John S. and James L. Knight.

Pwogram Paspò Kiltirèl Lekòl Leta Miami-Dade resevwa yon don $1 milyon kòm yon eleman “Knight Arts Challenge” (Defi Atistik Knight) fondasyon an.  Yo pral distribye yon total $3.8 milyon nan fon defi atistik pami gayan nan 27 konkou yo pou ini Sid Florid atravè ar.

Sipèentandan Alberto M. Carvalho di, “Fondasyon Knight la ap bay plizyè milye elèv Lekòl Leta Miami-Dade County opòtinite pou yo aprann ar daprè pwòp eksperyans yo atravè vizit nan teyat, galri ak mize premye klas … Kominote nou an ap benefisye de enspirasyon jèn sèvo sa yo nan ar, mizik, teyat ak dans, e nou mèt atann pou nou wè jèn sa yo fè gwo bagay nan lavni.”

Pwogram Paspò Kiltirèl la ede devlope apresyasyon pou ar pandan tout lavi elèv jadendanfan rive 12yèm ane eskolè atravè eksperyans pwomnad kiltirèl ki apwopriye ak laj yo.  Elèv yo pral vizite mize ak galri ar e fè eksperyans ak pèfòmans mizik, teyat, ak dans an dirèk pandan y ap resevwa edikasyon avèk sipò adisyonèl nan men Foundation for New Education Initiatives, Inc. Distri a, e an patenarya avèk òganizasyon ar kiltirèl nan zòn nan.

Edikatè yo gide elèv yo nan fè koneksyon valab ant ar yo ak lòt sijè debaz pandan y ap devlope pi plis ladrès yo nan lekti ak ekriti, panse kritik, ak rezoud pwoblèm kote rechèch endike yo amelyore pèfòmans akademik an jeneral.

Dennis Scholl, vis prezidan ar Fondasyon Knight di, “Pou anpil timoun, premye pwomnad kiltirèl – anpil fwa ki premye vizit yo nan yon mize oubyen teyat – kite yon enpresyon ki inoubliyab.  Paspò Kiltirèl pral asire kounye a plis timoun Miami-Dade gen opòtinite pou vizite youn nan trezò kiltirèl rejyon sa a.”

Pandan ane eskolè 2009-2010 la, yo te mete pwogram Paspò Kiltirèl la kòm modèl nan nèf anchènman lekòl segondè, ki gen ladan 13 lekòl mwayen, sèt sant K-8 ak 48 lekòl elemantè.  Plis pase 50,000 elèv, soti nan jadendanfan rive nan 12yèm ane ekolè, te patisipe nan ekpersyans kiltirèl e yo te konekte ak aktivite instriksyonèl.  Nan ane eskolè 2010-2011 la, patisipasyon nan pwogram nan ap double pou sèvi elèv nan 18 anchènman lekòl an total.

 

###

10-JS/300/HD/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès