|
MIAMI-DADE DEPASE PÈFÒMANS ETA A NAN POUSANTAJ LEKÒL SEGONDÈ KI RESEVWA “A” Lekòl Leta Miami-Dade County depase pèfòmans “counties” ki vwazen li yo ansanm ak eta a nan pousantaj lekòl segondè ak pèfòmans nòt A, daprè done ki soti jodi a nan Depatman Edikasyon Florid. Se pou premye fwa depi plizyè ane, pa gen youn nan lekòl nan Miami-Dade yo ki resevwa nòt F. Katran desa, sèt lekòl nan distri a te resevwa F. Sipèentandan Alberto M. Carvalho di, “Sa se amelyorasyon pèfòmans akademik ki pi dramatik nan istwa distri lekòl nou an… Twazan desa, nou double kantite nòt A soti 15 pou rive 31, ogmante kantite B a 33 pousan, desann kantite D a 43 pousan e elimine lekòl segondè ki resevwa nòt F, anpil lokalize nan kominote ki pi an difikilte e ki pi pòv yo. Direktè/tris ak pwofesè nou yo merite gratitid, respè e felisitasyon kominote sa a.” Avèk devlopman sistèm nòt lekòl segondè eta a, ki pran an konsiderasyon rezilta elèv tankou nivo gradyasyon ansanm ak pèfòmans nan travay kou avanse, karant nèf pousan lekòl segondè ak konpozan konplè nan Miami-Dade resevwa nòt pèfòmans A pou ane sa a konpare ak 31 pousan atravè tout eta a. Anplis uit lekòl nan Miami-Dade resevwa nòt ki baze sou nòt FCAT sèlman; lè yo pran an konsiderasyon lekòl sa yo, pousantaj lekòl segondè ki nan nivo A ogmante a 53 pousan. Carvalho di, “Done a demontre lekòl nou yo jwenn siksè nan prepare elèv pou kolèj e pou mache travay la… Rezilta sa yo se yon debi pou kapasite ekonomi fiti a ak devlopman kominote nou an.”
### 12- JJS/246/CF
|