POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 19 janvye 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO REKONÈT M-DCPS AVÈK PI GWO ONÈ NASYONAL NAN DOMÈN FINANS

(MIAMI) – “Council of the Great City Schools” (Konsèy Lekòl Gran Vil) yo prezante “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) Prim Ekselans anpil moun dezire nan Jesyon Finans, pandan reyinyon Komisyon Konsèy Lekòl la 18 janvye. 

Yo rekonèt distri lekòl la pou pèfòmans finansye li nan prezève e pwoteje entegrite finansye lekòl li yo.  M-DCPS satisfè tout pratik jesyon obligatwa e ki rekòmande nan 136 pratik ki nan nèf domèn operasyon finansye yo. 

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Se avèk imilite e gwo onè Lekòl Leta Miami-Dade County resevwa prim sa a nan men Konsèy Lekòl Gran Vil yo.  Rekonesans sa a ap fè Depatman Sèvis Finansye nou an vin pi solid kòm youn nan ekip finansye ki pi efikas e ki bay pi bon rezilta nan edikasyon piblik.”

Depi yo kòmanse avèk prim sa a sizan desa, Konsèy la prezante rekonesans sa a nan de (2) lòt okazyon sèlman.  M-DCPS se premye gran distri lekòl iben ki resevwa prim nan.

Direktè Egzekitif Konsèy la Michael Casserly di, “Lekòl Leta Miami-Dade County pran devan nan demontre ekselans nan edikasyon iben se yon bagay ki aksesib, rijidite nan operasyon finansye posib, e asirans ak konfyans piblik la se bagay nou ka genyen.”

Konsèy Lekòl Gran Vil yo, ki gen ladan 65 distri lekòl nan gran vil, se sèl òganizasyon nasyonal ki devwe pou reprezante bezwen lekòl iben yo.

 

###

12-JJS/252/DF/CM

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès