|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 25 janvye 2012 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
M-DCPS ANTÈT NAN PEYI A NAN NÒT PLASMAN AVANSE POU ELÈV ISPANIK
(MIAMI)-“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) antèt nan peyi a nan nòt egzamen “Advanced Placement (AP)” (Plasman Avanse) pami elèv Ispanik yo selon rapò Komisyon Nasyonal Kolèj la.
M-DCPS klase an premye pozisyon nan peyi a nan twa kategori ki gen ladan, kantite nòt twa oubyen plis elèv Ispanik yo fè nan egzamen Plasman Avanse, kantite elèv endividyèl Ispanik ki fè nòt twa oubyen plis, menm jan avèk kantite total egzamen AP elèv Ispanik pran. Miami-Dade an setyèm pozisyon nan peyi a tou nan nòt 3 oubyen plis Afriken Ameriken/Nwa fè nan egzamen Plasman Avanse.
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Dekouvèt sa yo montre elèv nou yo ap reponn pozitivman a yon kourikoulòm rijid e yon edikasyon ki baze sou teknoloji ki ranfòse eksperyans enstriksyon yo... Lekòl Leta Miami-Dade County fyè pou li alavangad nan inovasyon lekòl leta yo.”
Anplis, M-DCPS domine klasman nasyonal la nan nòt Plasman Avanse pou dis premye lekòl Ispanik ki fè nòt twa oubyen plis avèk sis lekòl enpresyonan. Pami yo genyen:
- Coral Reef Senior High School (#2)
- Miami Palmetto Senior High School (#3)
- Southwest Miami Senior High School (#4)
- Coral Gables Senior High School (#5)
- Dr. Michael M. Krop Senior High School (#6)
- Miami Coral Park Senior High School (#8)
Komisyon Kolèj la pwomote yon edikasyon kalite siperyè pou tout elèv atravè preparasyon pou kolèj, koneksyon ak siksè nan kolèj, ak sipò. Kou Plasman Avanse yo se kou nivo kolèj ak egzamen ki pèmèt elèv lekòl segondè pran kredi kolèj ak plasman avanse.
###
12-JJS/253/DF/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |