|
*** DIFIZYON FOTO *** YO REKONÈT M-DCPS AVÈK PI GWO ONÈ NASYONAL NAN DOMÈN FINANS
“Council of the Great City Schools” (Konsèy Lekòl Gran Vil) rekonèt “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pou pèfòmans finansye li nan prezève e pwoteje entegrite finansye lekòl li yo. Konsèy la se sèl òganizasyon nasyonal ki devwe pou reprezante bezwen lekòl iben yo. M-DCPS se premye gran distri lekòl iben ki resevwa prim nan. Nan foto anlè a gen Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl la Perla Tabares Hantman, Direktè Egzekitif Konsèy Lekòl Gran Vil yo Michael Casserly, Sipèentandan Alberto M. Carvalho, Ofisye Finansyè Anchèf Dtè. Richard Hinds ak Direktè Sèvis Jesyon Konsèy la Dtè. Robert Carlson, tousuit apre M-DCPS te fin resevwa prim finansye a nan reyinyon mansyèl Komisyon Konsèy Lekòl la.
### 12-JJS/254/GC/CM
|