POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 24 janvye 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

OU VLE ALE NAN KOLÈJ?
FWA KOLÈJ NASYONAL AP VIN MIAMI, 19 FEVRIYE
ENSKRI DAVANS SOU ENTÈNÈT KOUNYE A!

Reprezantan plis pase 150 kolèj ak inivèsite ap nan Fwa Kolèj Nasyonal 2012 la nan Miami, midi pou 4è nan aprèmidi, dimanch 19 fevriye, nan Doubletree Miami Mart Hotel, 777 N.W. 72 Ave.

Fwa gratis la ap pèmèt elèv, paran ak lòt manm nan piblik la rankontre avèk reprezantan kolèj yo e jwenn repons pou kesyon yo.  Anplisdesa, yo pral ofri sesyon enfòmasyon sou èd finansyè, planifikasyon ak egzamen yo mande pou antre nan kolèj.  Y ap prezante sesyon yo chwazi ann Espayòl e an Kreyòl.  Konseye ak sant òdinatè pral pèmèt elèv yo jwenn aksè sou sondaj karyè ki enterese yo ak enfòmasyon sou preparasyon pou kolèj, admisyon ak bous etid.

Se “The National Association for College Admission Counseling (NACAC)” (Asosyasyon Nasyonal Konseye Admisyon pou Kolèj) ak Lekòl Leta Miami-Dade County ki patwone evènman an. Chèmann Komisyon Konsèy Perla Tabares Hantman se ko-chèmann komite lokal Fwa Kolèj Nasyonal la.  Madan Hantman, ki ko-chèmann komite fwa lokal la depi plis pase 16 ane konsekitif di, “Fwa Kolèj Nasyonal la bay paran ak elèv yo aksè fasil ak enfòmasyon ekselan sou opòtinite edikasyonèl… Se yon bonjan fason pou yo vin enfòme e pou yo dekouvri opsyon pou edikasyon apre lekòl segondè.”

Mande enfòmasyon nan plizyè kolèj oubyen inivèsite nan Fwa Kolèj la pral pi fasil ane sa a ankò pou elèv. Lè elèv enskri davans, yo ka enprime konfimasyon ki kode ak ba kòm yon idantifikasyon elektwonik e yo pap bezwen ranpli kat enfòmasyon.  Elèv ak fanmi yo ka enskri davans nan www.gotomyncf.com.

Chak ane NACAC patwone fwa nan 54 vil atravè peyi a ki atire plis pase 650,000 elèv ak paran.  Pou plis enfòmasyon, kontakte liy telefòn Fwa Kolèj la nan 305-995-1739 oubyen vizite www.nacacnet.org.

 

###

12-JJS/255/jam/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès