|
*** DIFIZYON FOTO *** M-DCPS TE PREZANTE AVÈK SIKSÈ FWA REJYONAL SID FLORID 2012 “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te selebre Fwa Rejyonal Sid Florid 2012 Syans ak Jeni nan Kanpous Nò Kolèj Miami Dade. Foto anwo a montre elèv “Young Women’s Preparatory Academy” ki ap egzibe banyè yo pandan Seremoni Ouvèti evènman an. Elèv lekòl elemantè, mwayen ak segondè M-DCPS atravè county a te patisipe nan Fwa a avèk anpil pwojè anba tèm, “Moving full STEaM ahead!” (Avanse avèk Tout Fòs pou Pi Devan!) Pwojè yo ka ouvri pòt pou bous etid kolèj ak akademi avanse. Elèv yo te resevwa sètifika, meday, twofe ak lajan kach kòm prim. Paran ki te la yo te patisipe tou nan diferan aktivite aprantisaj.
### 12-JJS/258/GC/RL
|