|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 23 janvye 2012 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
YON ANALIZ “TAMPA BAY TIMES” DEKLARE M-DCPS NIMEWO 1
MIAMI – “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) se distri lekòl ki bay pi bon pèfòmans nan eta a selon yon analiz Tampa Bay Times. Atik la rapòte, “Pa gen okenn gwo distri nan Florid ki fè pi byen nan ogmante pousantaj elèv ki pase FCAT nan lekti ak matematik...” Analiz sa a an kontradiksyon total avèk klasman distri lekòl Komisyonè Edikasyon Florid pibliye pi bonè jodi a.
Analiz Tampa Bay Times lademontre M-DCPS eksperimante yon amelyorasyon alontèm konstan, e nan pwogrè lekti, Miami-Dade klase nimewo 2 pami tout 67 distri yo, pandan St. Johns, eta a deklare nimewo 1 vini an 16yèm pozisyon. Pandan kèk klasman resan Depatman Edikasyon Florid te pibliye, plase St. Johns County kòm nimewo 1 nan pèfomans distri lekòl yo, rapò Times la analize done sou yon valè dizan, ki soti nan FCAT pou tout 67 distri lekòl nan Florid e li jwenn M-DCPS demontre yon amelyorasyon konstan nan pèfòmans akademik elèv. Nan lekti, pousantaj elèv ki fè nòt nan nivo klas yo oubyen plis, vòltije soti 34 pousan an 2001 rive prèske 58 pousan an 2010. Menm jan an, nan Matematik, pousantaj elèv ki fè nòt nan nivo klas yo oubyen plis, ogmante de 27 pousan, soti 38 pousan an 2001 rive prèske 65 pousan an 2010. Analiz Times la konsidere tou kèk faktè tankou gwosè distri, povrete ak demografi.
Moun ka wè tout atik la nan http://www.tampabay.com/news/education/k12/the-best-school-district-in-florida-it-all-depends-on-how-you-slice-the/1211882
###
012-JJS/259/TR/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |