POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 24 janvye 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS, UTD KOLABORE POU METE ASIRANS SANTE BON MACHE POU ANPLWAYE

MIAMI- Nan travay ansanm, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ak “United Teachers of Dade (UTD)” (Sandika Pwofesè Dade) te devlope yon akò estratejik atravè kreyasyon yon Sou-Komite Tèt Ansanm sou Travay/Jesyon Asirans Sante ki te rive jwenn yon Akò Konseptyèl avèk UTD pou Asirans Sante 2012.  Pwovizyon akò an gen ladan:

  • Kontinye opsyon asirans sante gratis pou anplwaye sèlman.
  • Akò pou Distri a finanse 100 pousan ogmantasyon nan asirans swen sante pou janvye – mas 2012 pou l bay sou-komite pou asirans sante a tan pou l fè travay li ($16 milyon).
  • Yon ekonomi $28.3 milyon poutèt chanjman nan fason plan an fèt, ki ap vin an vigè 1ye avril 2012.
  • Pataje responsablite nan peye ogmantasyon pri asirans sante pou depandan avèk Distri a ki ap sibvansyone frè yo an 2012 pou yon montan anyèl $78 milyon apwoksimativman.
  • Ogmantasyon kontribisyon Distri apre yo fin jwenn akò $36 milyon ki ap gen ladan ogmantasyon $16 milyon pou janvye – mas 2012 ak $21 milyon anplis nan ogmantasyon frè pou avril – desanm 2012.
Akò pou edike anplwaye yo sou kesyon byennèt sante tankou idantifye risk sante atravè egzamen anyèl e/oubyen depistaj biyometrik ak Evalyasyon Risk Sante sou Entènèt.

 

###

012-JJS/262/TR/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès