|
YO ENVITE ELÈV LEKÒL SEGONDÈ, YON PWOFESÈ MIAMI EDISON, POU ALE NAN EVÈNMAN AVÈK SEKRETÈ EDIKASYON ETAZINI ARNE DUNCAN Sekretè Edikasyon Etazini Arne Duncan pwograme pou l vizite Lekòl Segondè “Charter” Pembroke Pines nan Broward demen maten. Yo envite Pwofesè “Network for Teaching Entrepreneurship (NFTE)” (Rezo pou Fòmasyon Antreprenarya) Lekòl Segondè Miami Edison Yolette Mezadieu ak elèv li yo pou ale nan evènman lekòl la. De (2) ekip elèv Madan Mezadieu te genyen de (2) kategori defi “NFTE World Series of Innovation” sou Entènèt avèk biznis yo, 300 Kalori oubyen Pi Piti nan kategori “New Franchise Idea” (Lide Nouvo Chèn Biznis), ak E-PRIDE, nan kategori “College and Career Readiness” (Preparasyon pou Kolèj ak Karyè).
### 012-JJS/264/VVL/RL
|