|
DELÈ POU KANPAY FINANSMAN “E-RATE” POU JWENN FON FEDERAL POU METE AJOU SISTÈM SAN FIL POU TEKNOLOJI NAN SALKLAS YO PWOLONJE POU 20 MAS FCC ap miltipliye chak montan donasyon pa 10, pou amelyore teknoloji nan lekòl M-DCPS. Lekòl Leta Miami-Dade County anonse jodi a li pwolonje delè pou soumèt donasyon pou Kanpay Finansman “E-Rate” (Sèvis Entènèt) “Mete Sistèm San Fil nan Salklas” pou 20 mas 2012. Kanpay Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon, òganizasyon ki pa la pou pwofi ki sipòte Lekòl Miami-Dade te lanse a, te gen yon premye delè pou 31 janvye. Lè yo te lanse kanpay la, yo pat ko bay dat pou aplikasyon 2012-13 “E-rate” (Sèvis Entènèt) la. Akoz yo toujou bay enfòmasyon sa a nan mwa janvye ane aplikasyon an, yo te chwazi premye dat konsèvatif la. Sa vle di kanpay pou ranmase lajan an ap kontinye jiska 20 mas, ki se dènye jou pou aplike pou enfrastrikti san fil nan lekòl Miami-Dade yo. Yo ap matche dola federal yo a yon pousantaj $100 pou chak $10 dola yo ranmase lokalman, jisrive $70 milyon pou finanse amelyorasyon teknoloji ki nesesè nan Lekòl Leta Miami-Dade. Administratè distri lekòl yo estime l ap koute apeprè $200,000 pou amelyore teknoloji san fil nan chak lekòl. Amelyorasyon dijital fon sa yo ofri ka akselere pwovizyon pou amelyorasyon ki esansyèl, patikilyèman nan lekòl ki pi ansyen kote li pa fasil pou enfrastrikti a sipòte aparèy ki gen fil oubyen konektivite “broadband” (Entènèt gwo kapasite). Pou kontribye sou Entènèt, vizite www.helpdadeschools.com klike “donate button” (bouton donasyon) an, e mande pou yo bay fon an nan pwogram “Give Kids the World – A World of Technology” (Bay Timoun Mond lan – Yon Mond Teknoloji).
### 12-JS/269/HD/RL
|