POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 30 janvye 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO ANKOURAJE PARAN POU PRAN SONDAJ ANYÈL ETA A SOU ENTÈNÈT  
KÒMANSE 1YE FEVRIYE – 30 JEN  

Divizyon Edikasyon Espesyal Lekòl Leta Miami-Dade County ap mande tout paran elèv, ki  ap resevwa sèvis edikasyon espesyal nan klas matènèl rive 12yèm ane eskolè, pou yo patisipe  nan Sondaj Anyèl pou Paran “Exceptional Student Education (ESE)” (Edikasyon Elèv ki gen  Bezwen Espesyal) Depatman Edikasyon Florid la.  Sondaj sa a ap disponib sou Entènèt     kòmanse 1ye fevriye rive 30 Jen, nan www.esesurvey.com.    

Depatman Edikasyon Florid ap travay ak distri lekòl yo pou rasanble enfòmasyon sou kòman  paran yo panse lekòl pitit yo ap kolabore ak yo.  Tout repons yo konfidansyèl, e yo pral  amelyore sèvis ak rezilta pou timoun ak fanmi yo.   

Pou fasilite paran yo, tout lekòl menmjan ak “Florida Diagnostic and Learning Resources  System” (Sistèm Resous Dyagnostik ak Enstriksyon Florid) nò ak sid, pral gen òdinatè  disponib pou ranpli sondaj la epitou ofri asistans.  Si paran pa ka jwenn aksè òdinatè, sondaj  yo ap disponib tou sou papye.   

Pou plis enfòmasyon oubyen pou jwenn yon sondaj sou papye, kontakte Keisha Robinson,  FDLRS-South, nan 305-754-4081.  

 

###

12-JS/270/HD/CM

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès