POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 30 janvye 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS ANTÈT PAMI LEKÒL K AP PÈFÒME BYEN WO NAN FLORID

MIAMI – Lekòl leta Miami-Dade yo pami lekòl k ap pèfòme byen wo nan eta a, daprè enfòmasyon ki soti jodi a nan “Florida Department of Education (FLDOE)” (Depatman Edikasyon Florid). Done eta a bay yon klasman nimerik pou 3,078 lekòl leta ak “charter” eta a, ki gwoupe daprè lekòl elemantè, mwayen, segondè ak konbinezon. Klasman an baze sou pwen nòt total chak lekòl, yo kalkile daprè kritè tankou pwen ki soti nan FCAT, anwòlman elèv, pwogrè nan lekti ak matematik, to gradyasyon, ak preparasyon pou lekòl siperyè.
 
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Pandan klasman jeneral yo bay yon vizyon siksè akademik eksesivman senp, san konsidere ka gwosè salklas, pwofil demografik, ak konsideration rejyonal, nou ta dwe fyè difèt 17 nan lekòl nou yo klase pami 20 premye  lekòl atravè tout kategori plis pase 3,000 lekòl atravè eta a… Tou senpleman, ann remèsye, e pa klase yon pwofesè nan Miami, se sa ki dwe fèt.”
 
Gran liy pou “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) nan lis anba a:

  • M-DCPS gen lekòl pami 20 lekòl antèt yo nan tout kategori klasifikasyon eta a
  • M-DCPS gen 17 lekòl pami 20 lekòl antèt atravè tout kategori yo.
  • Yo klase de (2) lekòl elemantè pami 20 lekòl antèt yo
    • Ethel Koger Beckham Elementary
    • Sunset Elementary
  • Yo klase twa (3) lekòl mwayen pami 20 lekòl antèt yo
    • Archimedean Charter
    • George Washington Carver Middle
    • Herbert A. Ammons Middle
  • Yo klase sis (6) lekòl konbine pami 20 lekòl antèt yo
    • Key Biscayne K-8 Center
    • Aventura Waterways K-8 Center
    • Frank C. Martin K-8 Center
    • Ruth K. Broad/Bay Harbor K-8 Center
    • Ada Merritt K-8 Center
    • Norman S. Edelcup/Sunny Isles K-8 Center
  • Yo klase de (2) lekòl konbine avèk pwen pou lekòl segondè pami 20 lekòl antèt yo
    • Young Women’s Preparatory Academy
    • Doctors Charter School
  • Yo klase kat (4) lekòl segondè pami 10 lekòl antèt yo
    • Maritime & Science Technology Academy
    • Design and Architecture Senior High
    • Coral Reef Senior High
    • New World School of the Arts

###

012-JJS/271/TR/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès