POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 1ye fevriye 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LEKÒL LETA MIAMI-DADE AP SELEBRE JOUNEN APRANTISAJ
DIJITAL, 1YE FEVRIYE

MIAMI – Lekòl Leta Miami-Dade pral selebre “Digital Learning Day (DLD)” (Jounen Aprantisaj Dijital) mèkredi pou sipòte efò san rete Distri a ap fè pou bay opòtinite aprantisaj dijital ak ansèyman inovatif.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “ Chak jou nan Miami-Dade se Jounen Aprantisaj Dijital... N ap efase dezè dijital yo nan kominote nou an atravè enstriksyon teknoloji inovatif e atravè efò pou konsyantize  moun, tankou kanpay “e-Rate” (sou Entènèt) nou an pou ranmase lajan pou ranfòse teknoloji nan lekòl ak salklas.  Nan Miami-Dade, n ap kreye yon anviwònman kote moun ka aprann nenpòt lè, nenpòt kote.”

DLD se dènye evènman nan yon kanpay sansibilizasyon nasyonal ki dire tout ane a pou amelyore ansèyman ak aprantisaj pou tout timoun.  Plizyè santèn distri lekòl, plizyè milye pwofesè, ak plis pase yon milyon elèv atravè peyi a pral ankouraje itilizasyon inovatif teknoloji nan eseye yon bagay nouvo, ekspoze siksè, lanse aprantisaj ki baze sou pwojè, oubyen konsantre sou fason zouti dijital ka ede amelyore rezilta elèv.

Lekòl, pwofesè, ak elèv nan Miami-Dade ap sipòte kanpay nasyonal la nan patisipe nan yon seri aktivite ki gen ladan sa ki anba yo:

  • Patisipe nan Reyinyon Kominotè Nasyonal (sou Entènèt)
  • Fè yon chas votou sou Entènèt atravè lekòl la
  • Kreye pwojè ak prezantasyon dijital pou elèv
  • Prezante aktivite dijital nan tan pou bay istwa
  • Kreye istwa dijital nan itilize pwogram animasyon
  • Ale nan pwomnad (sou Entènèt)
  • Enkòpore “eBooks” (Liv sou Entènèt) nan resous dijital ak leson yo
  • Enkòpore teknoloji entèraktif ak resous dijital nan leson atravè tout matyè debaz yo
  • Kreye pwojè videyo elèv pwodui    

Yo te lanse Kanpay Finansman E-Rate “Mete Entènèt San Fil nan Salklas” la pou konekte tout lekòl atravè “Wi-Fi” avan fen ane lekòl 2012-2013 la.  Y ap matche fon yo ranmase yo avèk dola federal a yon to $100 pou chak $10 yo ranmase lokalman, jisrive $70 milyon.  Kanpay la ap fini 20 mas 2012.

Pou kontribye sou Entènèt nan pwogram E-rate la, vizite www.helpdadeschools.com  klike “donate button” (bouton donasyon) an, e mande pou yo bay fon an nan pwogram “Give Kids the World – A World of Technology” (Bay Timoun Mond lan – Yon Mond Teknoloji).

 

 

###

012-JJS/272/TR/CM

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès