POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 31 janvye 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

AKÒ ENTÈLOKAL ANT KOMISYON KONSÈY LEKÒL MIAMI-DADE, VIL SUNNY ISLES BEACH POU BENEFISYE YON LOKAL SANT K-8 

Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade ak Komisyon Vil Sunny Isles Beach toude apwouve yon Akò Entèlokal pou fasilite konstriksyon yon ekstansyon nan Norman S. Edelcup/Sunny Isles Beach K-8.  Entèlokal la se yon modèl koperasyon entègouvènmantal.  Vil la bay finansman inisyal la e yo pataje pri yo kòm yon patenarya ant Komisyon Konsèy Lekòl la ak Vil la.

Pwojè a pral gen ladan ak yon ekstansyon nan kafeterya K-8 la ki deja egziste, ki gen ladan 12 salklas entèmedyè ak twalèt endividyèl yo pou yon estimasyon 264 elèv, ansanm ak yon pasrèl ant ekstansyon an ak ansyen bilding lekòl la.

Pri apwoksimatif pwojè a evalye a $4 milyon an total, ki gen ladan andwa pou travay, desen, konstriksyon ak ‘‘FF & E’’ (mèb, aranjman ak ekipman).

 

###

12-JS/273/HD/SD

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès