POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 8 fevriye  2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO CHWAZI LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY POU LI ANTRE NAN REZO GLOBAL LEKÒL SEGONDÈ KNOWLEDGE@WHARTON

Yo chwazi resamman “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) kòm youn nan sèlman kèk distri lekòl nan mond lan pou li antre nan Rezo Lidè Global Lekòl Segondè Knowledge@Wharton (KWHS) Inivèsite Pennsilvani an.  Yo rekonèt Lekòl prestijye Wharton Inivèsite Pennsilvani an atravè lemond pou direksyon entelektyèl li nan kontinyite inovasyon li atravè chak gran disiplin nan edikasyon biznis.

Rezo Lidè Global KWHS se yon nouvo platfòm Entènèt pou lekòl segondè inovatif ki pran angajman pou amelyore fason moun dirije, fè antreprenarya e li bay opòtinite pou fòmasyon finansye debaz pou tout elèv ak edikatè.  Rezo Knowledge@Wharton rive jwenn yon odyans global 1.7 milyon moun nan 189 peyi.   

Rezo Lidè Global KWHS ofri lekòl segondè ki manm yo aksè gratis sou resous pou edikatè ak elèv ki vle pousuiv entèrè yo nan biznis, antreprenarya ak kapasite pou dirije nan salklas e andeyò salklas.  Pwofesè yo ap jwenn aksè a plizyè santèn atik yo ekri espesyalman pou elèv lekòl segondè e plis pase 400 plan leson sou biznis. Elèv yo ap ka eksplore enterè yo e aprann pandan y ap li plizyè santèn atik, gade tèm glosè sou videyo e jwe jwèt biznis sou Entènèt.  Yo ka ale tou nan fowòm diskisyon sou Entènèt sou kesyon biznis global ak antreprenarya. 

Ekip elèv lekòl segondè M-DCPS ap gen opòtinite tou pou yo fè konpetisyon youn ak lòt nan Konpetisyon Antreprenarya KWHS ki ap kòmanse 13 fevriye 2012 e fini 23 mas 2012.  Patisipan yo ap kontribye nan kreye yon pwodui ak estrateji pou pwomouvwa konsyantizasyon sou sit Entènèt Lekòl Segondè Knowledge@Wharton nan. 

 

 

###

012-JJS/276/VVL/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès