POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 6 fevriye 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO NONMEN ALEXANDRE LOPES MEYÈ PWOFESÈ M-DCPS POU ANE A

Yo nonmen Alexandre Lopes, yon pwofesè klas matènèl timoun ki gen otis nan Lekòl Elemantè Carol City, kòm Meyè Pwofesè pou Ane 2013 Francisco R. Walker Miami-Dade County, vandredi dènye nan yon seremoni dejene nan Doral Golf Resort and Spa. 

Sis finalis t ap fè konpetisyon ane sa a pou tit dezirab la, ki gen ladan yon moun yo nonmen nan chak nan kat rejyon Distri a, youn nan Biwo Transfòmasyon Edikasyon e youn nan Edikasyon Adilt/Altènatif.

Filozofi Lopes se sèvi ak sans pou fè aprantisaj fè sans.  Se jis youn nan plizyè sekrè siksè, men se pa yon sekrè elèv klas matènèl Lekòl Elemantè Carol City li yo, kote plizyè ladan yo gen otis, jwenn plis siksè nan sa.

Menmlè y ap jwe enstriman mizik oubyen y ap fè yon pa a tan nan mo y ap di, elèv li yo aprann pandan y ap pratike, e yo renmen fè sa.  Yo dekri salklas Lopes la kòm yon klas ki “anpè, ge, e atiran,” kote li chita atè souvan e chante, souri avèk elèv yo, e angaje elèv atantif li yo.
Yo chwazi Mia M. Lafrance, yon konseye e pwofesè nan Dr. Henry W. Mack/West Little River K-8 Center, an dezyèm plas.  Pou Lafrance, klas jadendanfan se yon pakou majik pou soulve kiryozite timoun, brase imajinasyon yo, e kreye seremoni, selebrasyon, ak tradisyon ki valorize lavi timoun piti pandan l ap mete baz pou lavi granmoun.

Moun yo te rekonèt tou se te meyè pwofesè debitan yo. Yo te nonmen Sherif Watson, yon pwofesè lekti/redaksyon 5yèm ane eskolè nan Lekòl Elemantè Santa Clara kòm meyè Pwofesè Debitan pou Ane a. Debitan ki te an dezyèm plas la se te Annette Konoske-Graf, yon manm “Teach for America” (Anseye pou Amerik) nan Lekòl Segondè Miami Edison.

Se Lekòl Leta Miami-Dade County ki te fè seremoni Meyè Pwofesè pou Ane a an patenarya avèk United Teachers of Dade e Miami-Dade County Council of PTAs/PTSAs. Patwonè ki te prezante li se te South Florida Educational Federal Credit Union. Ko-patwonè yo se te: Univision 23/Telefutura 69, Nova Southeastern University Fischler School of Education, Pearson, United Way of Miami-Dade, FoxMar Photography, ak Kendall Toyota.

 

###

12-JS/277/HD/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès