POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 9 fevriye 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

DEKLARASYON SIPÈENTANDAN ALBERTO CARVALHO KONSÈNAN DISPANS “NO CHILD LEFT BEHIND” (OKENN TIMOUN PAP RET DÈYÈ) NAN FLORID 

Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho aplodi otorizasyon Mezon Blanch sou dispans “No Child Left Behind (NCLB)” (Okenn Timoun Pap Ret Dèyè) Florid, jodi a.

Sipèentandan Carvalho deklare, "Sa se yon bèl devlopman pou elèv, paran ak pwofesè atravè Florid … Mwen aklame Sekretè Edikasyon Etazini Arne Duncan ak Komisyonè Edikasyon Florid Gerard Robinson pou defann e soumèt dispans sa a bay prezidan an.  Dispans la bay fleksibilite nan ‘‘Adequate Yearly Progress” (Pwogrè Anyèl Adekwat) e fason yo bay elèv ak lekòl nòt.  Li bay distri lekòl yo tou fleksibilite nan fason nou depanse lajan pou Sèvis Edikasyonèl Siplemantè, ki pral ede nou sèvi plis timoun ak plis efikasite.  Sa se yon gwo pwofi pou kominote nou an."

Carvalho te temwaye devan Kongrè konsènan dispans NCLB a 14 septanm 2011. Nou ka wè temwayaj li a nan http://superintendent.dadeschools.net/index.php?news=163.  Carvalho pral nan Mezon Blanch demen pou plis diskisyon sou edikasyon.

###

012-JJS/278/SD

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès