POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 9 fevriye 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

OU BEZWEN ÈD POU PEYE KOLÈJ?
SA KÒMANSE AVÈK YON APLIKASYON GRATIS POU ÈD FEDERAL POU ETIDYAN!

Elèv douzyèm ane eskolè ki ap planifye pou ale nan kolèj ka jwenn èd pou peye frè yo nan soumèt  yon “Free Application for Federal Student Aid (FAFSA)” (Aplikasyon Gratis pou Èd Federal pou  Etidyan).  Lekòl Leta Miami-Dade County lanse resamman festivite FAFSA 2012: Kanpay Jwenn  Èd pou Peye Kolèj!   

Èd Federal pou Etidyan jwe yon wòl santral e esansyèl nan sipòte edikasyon siperyè nan bay lajan  pou kolèj pou elèv ak fanmi ki elijib.  Lekòl Leta Miami-Dade County fè patenarya avèk lekòl siperyè yo, enstitisyon finansye ak lòt enstitisyon pou delivre sèvis ki kapab ede elèv ak fanmi ki ap peye pou kolèj.  

Aplikasyon Gratis pou Èd Federal pou Etidyan (FAFSA) se premye etap nan jwenn èd pou kolèj ak  Edikasyon siperyè.  Estatistik montre 90 pousan elèv ki ranpli FAFSA a antre nan kolèj.  Li enpòtan  pou note, kòmanse ane sa a, ranpli FAFSA se yon demann pou resevwa Bous Etid “Florida Bright  Futures.”  Elèv ki ap planifye pou kòmanse kolèj ann Ete 2012 dwe soumèt aplikasyon FAFSA a imedyatman, men pa pita pase 15 me.   

Pou plis enfòmasyon, wè avèk Konseye Asistans pou Kolèj lekòl ou a, konseye lekòl la, oubyen  vizite http://studentservices.dadeschools.net/fafsa.asp.   

###

  12/JS/279/HD/CM

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès