|
YON ELÈV LEKÒL ELEMANTÈ SUNSET GENYEN KONPETISYON AR POU ELÈV ‘THIS IS MCGRAW-HILL MY MATH’ Yo chwazi Finley Moss, yon elèv dezyèm ane eskolè nan Lekòl Elemantè Sunset kòm youn nan gayan “McGraw-Hill Education” (Edikasyon McGraw-Hill) ‘This is McGraw-Hill My Math’ (Sa se McGraw-Hill Matematik Mwen), pami plis pase 2,400 moun ki soumèt travay ar yo. Konpetisyon ar nasyonal la rekonèt 12 gayan. Konpetisyon an, yo kreye pou enspire pasyon elèv pou matematik ak lòt domèn syans, teknoliji, jeni matematik (STEM), envite elèv pou yo esplike kisa matematik reprezante pou yo atravè eskilti, desen, penti ak fotografi. Direktris lekòl la, Dtè. Marlene Leyte-Vital di, “Nou kontan anpil dèske yo chwazi travay ar Finley a... Tout moun nan kominote lekòl nou an benefisye de efò li yo.” Y ap onore Finley nan yon evènman ki ap fèt nan lekòl li a e y ap prezante travay ar li a, ki genyen konpetisyon an, nan yon liv Matematik McGraw-Hill pou elèv Dezyèm Ane. Anplis, Lekòl Elemantè Sunset ap resevwa $15,000 prim amizan e fonksyonèl pou salklas atravè sipò jenere patwon konkou a tankou Promethean, netTrekker, Intel, Texas Instruments, The Math Forum @ Drexel ak Crayola. Nan travay ar li a, Finley kreye yon gato anivèsè nesans ki ekspoze diferan koulè ak fòm pou montre enpòtans matematik chak jou nan lavi nou. Y ap prezante travay ar Finley a, ansanm ak kreyasyon lòt gayan konpetisyon an, nan ouvèti Mize Matematik la nan Vil New York. Nou ka wè tout travay ar gayan yo nan yon galri sou Entènèt nan http://mymath.shycast.com/.
### 12-JJS/284/GC/CM
|