|
FWA KOLÈJ NASYONAL 2012 LA OFRI ELÈV YO MIAMI—Yon fwa ankò, Lekòl Leta Miami-Dade te fè Fwa Kolèj Nasyonal ki toujou gen siksè a, ki te fèt 19 fevriye nan Double Tree Miami Mart Airport Hotel. Prèske 12,000 elèv ak paran te patisipe nan evènman kat èdtan an kote reprezantan ki soti nan 196 kolèj ak inivèsite te reponn kesyon konsènan admisyon, èd finansye ak demand pou egzamen. Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl la Perla Tabares Hantman, ki se ko-chèmann evènman an pou 15 dènye ane yo di, "Li agreyab pou konnen plizyè milye elèv ki te patisipe yo te gen posiblite pou jwenn enfòmasyon kritik sou opòtinite akademik ki disponib pou yo, espesyalman paske desizyon yo pran jòdi a pral afekte avni yo." Elèv yo te anrejistre davans pou yo jwenn idantite elektwonik ki pèmèt yo mande enfòmasyon valab nan plizyè enstitisyon aprantisaj. “The National Association for College Admission Counseling (NACAC)” (Asosyasyon Nasyonal Konseye pou Admisyon nan Kolèj) ak Lekòl Leta Miami-Dade te patwone evènman gratis la. NÒT EDITÈ A: Atachman twa foto Madan Perla Tabares Hantman, Chèmanm Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County (adwat) ak Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho pandan yo ap ouvè ofisyèlman Fwa Kòlèj Nasyonal 2012 la.
Madan Perla Tabares Hantman, Chèman Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County (adwat) ak Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho pandan yo ap ouvè ofisyèlman 2012 Fwa Kòlèj
### 12/JS/286/TC/SD
|