|
LEKÒL SEGONDÈ MIAMI JACKSON RESEVWA “Florida Department of Education (FLDOE)” (Depatman Edikasyon Florid) te akòde Lekòl Segondè Miami Jackson yon apèl, ki chanje nòt pèfòmans lekòl la de yon "B" pou yon "A". “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te fè apèl la lè kou anwolman doub Miami Jackson ofri pat antre nan kalkil pou nòt pèfòmans lekòl la paske elèv yo t ap pran kou yo nan kolèj ki pat piblik. Aprè li revize e reverifye kou anwolman doub kolèj ofri yo, FLDOE rekalkile nòt pèfòmans lekòl la pou yon "A". M-DCPS depase eta a nan pousantaj lekòl segondè ki gen nòt pèfòmans "A", daprè done FLDOE yo bay.
### 12-JJS/287/DF/SD
|