|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 22 fevriye 2012 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
CHÈMANN KOMISYON KONSÈY LA PERLA TABARES HANTMAN TE PREZANTE GRAN LIY ‘DISKOU SOU ETA SISTÈM LEKÒL LA’
Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County Perla Tabares Hantman te prezante yon dekont sou pwogrè ak defi lekòl leta Miami-Dade County pandan diskou 2012 sou Eta Sistèm Lekòl la, mèkredi dènye nan reyinyon regilye mansyèl komisyon konsèy la. Pami kesyon yo te adrese nan rapò sa a, ki te dire 18 minit, te gen pèfòmans elèv ak pèspektiv fiskal "Miami-Dade County Public Schools (MDCPS)’’ (Lekòl Leta Miami-Dade County). Gran liy yo te gen ladan sa ki ap suiv yo:
• MDCPS te poste to gradyasyon ki pi wo nan istwa resan li - 77.7 pousan - ki depase eta a.
• Plis pase mwatye nan lekòl yo te resevwa yon nòt A nan men eta a, ak 70 pousan nan lekòl yo ki resevwa yon nòt A oubyen B. Se premye fwa depi plizyè ane, MDCPS pa gen yon grenn lekòl segondè ki fè nòt F.
• Yo chwazi MDCPS pou katriyèm fwa, pami 15,000 distri lekòl atravè peyi an, kòm youn nan kat finalis pou prim prestijye “Broad Prize” la, ki rekonèt ogmantasyon nan pèfòmans elèv e nan fèmen eka akonplisman pou elèv minoritè e ki defavorize ekonomikman.
• Komisyon Kolèj la rekonèt MDCPS kòm premye nan peyi a pou elèv Ispanik ki fè gwo nòt nan egzamen plasman avanse, e setyèm nan peyi a pou elèv Afriken Ameriken.
• Yo rekonèt MDCPS pou de ane konsekitif kòm yon lidè nasyonal nan “National Assessment of Educational Progress” (Evalyasyon Nasyonal Pwogrè Edikasyonèl). Elèv Miami-Dade fè nòt pi wo pase mwayèn elèv nan lòt gwo sistèm lekòl iben nan toude an tèm echèl nòt yo ak pousantaj elèv ki fè nòt pi wo pase nòt debaz nan lekti pou 4yèm ak 8yèm ane eskolè, ak nan matematik pou 4yèm ane eskolè.
• MDCPS sekirize plis pase 9 milyon dola nan finansman federal pou Pwojè Enfrastrikti Wout Lekòl an Sekirite, rive ede asire elèv yo byen pwoteje lè yo prale e soti lekòl.
• MDCPS te gen yon 60 pousan rediksyon nan delenkans ki gen rapò ak lekòl ane pase, selon Depatman Jistis Jivenil nan Florid.
• MDCPS ranfòse règ byennèt sante nan Distri a pou elèv ak anplwaye yo ki vize senk objektif: nitrisyon, edikasyon fizik, aktivite fizik, konesans debaz sou sante ak nitrisyon, e prevansyon swen sante.
• MDCPS estabilize pozisyon finansye Distri a nan amelyore nivo kredi li.
• MDCPS restriktire espas yo pa tèlman itilize pou kreye pwogram inovatif tankou Jose Marti MAST 6-12 Academy, ki konsantre sou yon kourikouloum pou ‘‘science, technology, engineering & mathematics (STEM)’’ (syans, teknoloji, jeni ak matematik). Atravè itilizasyon efikas dola kapital yo, distri a te jwenn fason pou kreye opòtinite pou sant K-8 e pou elaji chwa paran atravè nouvo magnèt.
• Konsil Lekòl Gran Vil yo te rekonèt MDCPS mwa pase ak Prim pou Ekselans nan Jesyon Finansye pou sovgade e pwoteje entegrite finansye lekòl yo.
• Avèk itilizasyon enfòmatik, yo mete ann aplikasyon, nouvo sistèm ‘‘Enterprise Resource Planning (ERP)’’ (Planifikasyon Resous Antrepriz) pou fè rapò finansye, apwovizyònman, resous imèn ak pewòl. Yon gwo akonplisman paske MDCPS se premye gwo distri lekòl nan peyi a ki fè yon tranzisyon konsa avèk siksè.
Anplis, distri a pral kontinye travay anvè prezèvasyon kourikoulòm ki entegral pou yon edikasyon klas mondyal, tankou ar vizyèl, mizik, ar pèfòmans ak lang mondyal, pandan yo ap ranpli salklas yo ak teknoloji.
Pou wè videyo Entènèt konplè Diskou sou Eta Sistèm Lekòl la, silvouplè klike sou lyen -http://www.dadeschools.net/tv/?q=X3Y5NcZVhaCMgFBcj%252baLiA%253d%253d.
###
12/JS/288/HD/SD
Retounen sou Nòt pou Laprès |