|
GOUVÈNÈ FLORID LA REKONÈT YON ELÈV AK YON EDIKATÈ M-DCPS Gouvènè Florid Rick Scott te onore resamman yon elèv ak yon edikatè Lekòl Leta Miami-Dade County pandan yon selebrasyon Mwa Istwa Moun Nwa nan Tallahassee. Li te rekonèt Gabriella La Rosa, yon elèv jadendanfan nan Sant Aprantisaj K-8 Gateway Environmental kòm youn nan de elèv gayan konpetisyon ar la. Li te jwenn $250 kach. Tèm pou konpetisyon ane sa a se te "African-American Pioneers Who Advanced Science and Technology’’ (Pyonye Afriken-Ameriken ki Avanse Syans ak Teknoloji). Gouvènè a te rekonèt Haronique Durham, yon pwofesè Istwa Etazini 8yèm ane eskolè nan Akademi K-8 Mandarin Lakes, kòm youn nan twa edikatè Afriken-Ameriken egzanplè ak Prim Ekselans nan Edikasyon. Yo te bay ekselan pwofesè a $1,500 kach.
### 12-JJS/292/DF/SD
|