|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 29 fevriye 2012 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
21 LEKÒL MAGNÈT LETA RESEVWA REKONESANS NAN MEN “MAGNET SCHOOLS OF AMERICA”
Magnet Schools of America (MSA) (Lekòl Magnèt Ozetazini), yon òganizasyon ki reprezante lekòl ak pwogram magnèt, rekonèt 21 lekòl magnèt leta nan Miami-Dade County pou angajman yo nan estanda akademik ki wo, inovasyon nan kourikoulòm, efò reyisi nan siprime segrasyon/divèsite, pèsonèl ansèyman espesyalize, ak patisipasyon paran ak kominote. Okenn lòt distri lekòl pa janm resevwa kantite prim sa yo nan yon sèl ane lekòl.
Prim Lekòl Magnèt Ekselans, yo bay pou seleksyone lekòl ki fè pi gwo nòt nan tout peyi a, ak Prim Lekòl Magnèt Distenksyon ki rekonèt meyè lekòl ak pwogram magnèt Ozetazini ki toujou ap bay tout moun ki gen enterè nan lekòl yo bonjan sèvis.
Men lis lekòl magnèt leta Miami-Dade County ki genyen prim yo:
LEKÒL |
TÈM MAGNÈT |
DEZIYASYON PRIM |
North Dade Center for Modern Languages |
|
Lekòl Magnèt Ekselans |
Perrine Elementary School |
|
Lekòl Magnèt Ekselans |
Sunset Elementary School |
|
Lekòl Magnèt Ekselans |
Ada Merritt K-8 Center |
|
Lekòl Magnèt Ekselans |
Herbert A. Ammons Middle School |
|
Lekòl Magnèt Ekselans |
G. W. Carver Middle School |
- Edikasyon Entènasyonal
- Etid Entènasyonal
|
Lekòl Magnèt Ekselans |
John F. Kennedy Middle School |
- “Bio-Medical Environmental Agricultural Technology (BEAT)” (Teknoloji Biyo-Medikal Anviwònman ak Agrikilti)
|
Lekòl Magnèt Ekselans |
Norland Middle School |
|
Lekòl Magnèt Ekselans |
Southwood Middle School |
|
Lekòl Magnèt Ekselans |
Coral Reef Senior High School |
- Syans Agrikòl
- Biznis ak Finans
- Jeni
- Bakaloreya Entènasyonal
- Legal
- Medsin
- Ar vizyèl ak Pèfòmans
|
Lekòl Magnèt Ekselans |
M.A.S.T. Academy |
- Teknoliji & Syans Maritime
|
Lekòl Magnèt Ekselans |
New World School of the Arts |
|
Lekòl Magnèt Ekselans |
Air Base Elementary School |
|
Lekòl Magnèt Distenksyon |
Southside Elementary School |
|
Lekòl Magnèt Distenksyon |
Coconut Palm K-8 Academy |
- Jeni Syans Agrikòl
- Biyoteknoloji Medikal
|
Lekòl Magnèt Distenksyon |
Frank C. Martin K-8 Center |
|
Lekòl Magnèt Distenksyon |
Ponce de Leon Middle School |
|
Lekòl Magnèt Distenksyon |
Design & Architecture Senior High (DASH) |
- Achitekti/ Desen Enteryè
- Design Endistri / Pwodui & Transpòtasyon
- Desen Mòd
- Teknoloii Amizman/ Fim
- Kominikasyon Vizyèl/ Desen Grafik
|
Lekòl Magnèt Distenksyon |
Southwest Miami High School |
|
Lekòl Magnèt Distenksyon |
TERRA Environmental Research Institute |
- Rechèch Biyomedikal
- Rechèch sou Anviwònman ak Etid Teren
- Teknoloji Wobotik ak Jeni
|
Lekòl Magnèt Distenksyon |
Young Women’s Preparatory Academy |
|
Lekòl Magnèt Distenksyon |
“Magnet Schools of America” rekonèt tou direktè meyè lekòl magnèt yo rejyonalman e nasyonalman. Yo chwazi Dtè. Stacey H. Mancuso, Direktris Design and Architecture Senior High, pami yon gwoup direktè aplikan ki soti Florid, Georgia, Mississippi, ak Alabama kòm Meyè Direktè MSA Rejyon IV pou Ane a. Dtè. Mancuso ap avanse kòm yon finalis pou Prim anpil moun dezire, Meyè Direktè Nasyonal MSA pou Ane a.
Anplis, Sunset Elementary School se youn nan kat finalis pou Prim Merit Distenge Dtè. Ronald P. Simpson, ki klase pi wo yo bay yon sèl lekòl magnèt nan tout peyi a. Gen yon ekip edikatè ki pral vizite lekòl sa a nan semèn ki ap vini yo.
Y ap anonse prim yo nan 30yèm Konferans Nasyonal sou Lekòl Magnèt ki pral fèt nan Dallas, Texas 18 – 21 me 2012.
Konsènan Pwogram Lekòl Magnèt nan Lekòl Leta Miami-Dade County yo
Pwogram lekòl magnèt yo ofri kou etid san parèy ki konsantre sou enterè espesyal, talan, ak kapasite elèv yo e yo disponib nan sis tèm etid: Karyè ak Pwofesyon; Edikasyon Entènasyonal; Ar Liberal; Matematik, Syans, ak Teknoloji; iPrep; ak Ar Vizyèl ak Ar Pèfòmans. Depi ouvèti premye pwogram magnèt li an 1973, opsyon ak chwa magnèt yo elaji anpil anndan Lekòl Leta Miami-Dade County. Aktyèlman, gen plis pase 43,000 elèv ki enskri nan 360 pwogram magnèt yo ofri nan 103 lekòl atravè tout distri a.
###
012-JJS/294/VVL/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |