Fondasyon OceanGate, ki se yon lidè nan ofri ekspedisyon lanmè ak eksperyans teknoloji pou jèn moun, ap vizite MAST Academy pou ofri elèv eksperyans pratik avèk “remotely operated vehicles (ROVs)” (machin telegide) ak aparèy soumaren pou sèvi nan eksplorasyon lanmè.
Prezantasyon pilòt aparèy soumaren, vizit ak demonstrasyon ROV ap kòmanse bò pisin nan lendi a 9è dimaten. Elèv k ap etidye jeni, ki soti nan Gad Kòt JROTC, ak Syans Lanmè ap sikile ozalantou zòn prezantasyon yo, avèk asistans elèv ofisye ki soti nan Akademi Gad Kòt Etazini (New London, CT). |