|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 6 mas 2012 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
FONDASYON FANMI MORGRIDGE FÈ YON DONASYON $1 MILYON POU SIPÒTE TEKNOLOJI NAN LEKÒL
Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho aksepte yon donasyon $1 milyon nan men Fondasyon Fanmi Morgridge jodi a k ap benefisye Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon, Inc. Yo ap sèvi ak fon yo pou elaji teknoloji san fil nan salklas Lekòl Leta Miami-Dade County.
John ak Carrie Morgridge te vizite distri lekòl la pou yo fè prezantasyon an. Carrie Morgridge di repòtè ak anplwaye distri a donasyon an fèt kòm yon andòsman pou lidè Distri a ofri konektivite pou tout elèv, espesyalman sa ki pa gen gwo mwayen ekonomik yo.
Morgridge yo mete defi a devan Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon, Inc. pou l matche donasyon li a. Sipèentandan Carvalho pran angajman pou matche li. Yo atann pou donasyon Morgridge la, konbine avèk donasyon yo matche yo, ap kalifye pou yo matche yo avèk fon federal pou amelyorasyon san fil nan lekòl yo pou yon total enpresyonan $20 milyon.
Jeb Bush, ansyen gouvènè Florid ak Chèmann Fondasyon pou Ekselans nan Edikasyon ak Fondasyon pou Fiti Florid, di, “Entènèt la simonte pi gwo obstak ki genyen nan resevwa yon bonjan edikasyon – jewografi. Entènèt la bay elèv aksè a kou rigid edikatè ekselan anseye. Gwo jenewozite Fondasyon Morgridge la pral konekte plizyè milye elèv avèk resous ak enstriksyon dijital kalite siperyè, ki ap asire elèv gen zouti pou akonpli potansyèl Bondye ba yo pou aprann.”
Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon, Inc., yon òganizasyon ki bay Lekòl Leta Miami-Dade County sipò dirèk, pwojte pou kolekte $7 milyon anvan 20 mas 2012. Yo pral miltipliye Objektif $7 milyon donasyon pa 10 pou yon sòm total $70 milyon.
Pou fè yon donasyon pou sipòte teknoloji lekòl, vizite www.helpdadeschools.com.
Nòt editè a: pou kòmantè Depatman Edikasyon Etazini sou donasyon Fondasyon Fanmi Morgridge la, silvouplè kontakte Sara Gast, èd Laprès, Depatman Edikasyon Etazini, 202-401-1989.
Atachman Foto

(soti agoch ale adwat) Vis Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Doktè Lawrence S. Feldman; John ak Carrie Morgridge Fondasyon Fanmi Morgridge; Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ak Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantman.
###
12/JS/302/GC/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |