POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 22 mas 2012        

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

 ELÈV NAN AKADEMI FINANS LEKÒL SEGONDÈ CORAL GABLES, BOOKER T. WASHINGTON PRAL PATISIPE NAN KAN “FUTURE BANKERS”

MIAMI – “South Florida Workforce Investment Board (SFWIB) (Komisyon Envestisman nan Mendèv Sid Florid) la fè yon don $25,000 ki al jwenn Sant pou Fòmasyon Finansye nan Pwogram Kan “Future Bankers” (Fiti Bankye) nan Kolèj Miami Dade.

Lekòl Biznis Kolèj Miami Dade ak Sant pou Fòmasyon Finansye nan Kan “Future Bankers” (Fiti Bankye) ap prepare yon total 20 elèv ki enskri nan lekòl segondè Coral Gables ak Booker T. Washington.  Pwogram inovatif sa a ap bay elèv divès opòtinite amelyorasyon edikasyonèl ki pral amelyore ladrès yo nan matematik ak kominikasyon, ki gen ladan fòmasyon nan travay, estaj, ak sètifikasyon pou endistri avèk objektif final ki se preparasyon pou kolèj avèk karyè.

Rick Beasley, Direktè Egzekitif pou Komisyon Envestisman Mendèv Sid Florid la di, “Kan Fiti Bankye a ofri elèv opòtinite pou yo prepare e pou yo vin abitye avèk eleman debaz finans yo, ki fimalman pral gen yon efè pozitif sou okipasyon yo, pèfòmans jeneral yo nan lekòl, preparasyon yo pou travay ak siksè reyèl yo nan jwenn travay.”

Lè elèv yo fini avèk pwogram nan konplètman, y ap elijib pou yo resevwa Sètifika Kesye Labank Asosysasyon Bankye Ameriken, “American Institute of Banking (AIB)” (Enstiti Bank Ameriken).  Sètifika regilye pou endistri nasyonal sa a satisfè demann edikasyonèl pou egzamen yo bay pou sètifika nan Enstiti Bankye Sètifye.  Elèv ki gradye nan lekòl segondè yo elijib pou Sètifika Vokasyonèl Kolèj Miami-Dade e yo ka travay pou jwenn yon “associate degree” nan sèvis finans.

Akademi Finans Lekòl Leta Miami-Dade County se yon manm “National Academy Foundation (NAF)” (Fondasyon Akademi Nasyonal), se yon rezo nasyonal akademi karyè, pou sipòte devlopman jenès Ameriken an pou yo ka jwenn siksè pèsonèl ak pwofesyonèl nan lekòl segondè, etid siperyè e atravè karyè yo.  Gen 13 lekòl segondè nan Miyami ki gen akademi karyè nan Finans.

Konsènan Komisyon Envestisman Mendèv Sid Florid la                                                       Komisyon Envestisman Mendèv Sid Florid la se yon patenarya piblik-prive e yon patnè entegral nan plan ekonomik Miami-Dade ki inisye règleman pou fòmasyon ak devlopman mendèv ki jwenn finansman federal ak finansman eta a pou Miami-Dade ak Monroe.

Anplis, sèvis ak resous mendèv nan Sid Florid la disponib gratis pou tout moun atravè yon rezo Sant Karyè ki lokalize atravè Rejyon an.  Aprann plis sou Pwogram Fòmasyon “Future Bankers” (Fiti Bankye) a nan kontakte Divizyon Sèvis pou Jèn yo nan 305-594-7615 eks. 292.

Konsènan “Center for Financial Training (CFT)” (Sant pou Fòmasyon Finansye)            Sant pou Fòmasyon Finansye – bay edikasyon sou sèvis finansye, fòmasyon ak teknoloji pou pwofesyonèl sèvis finansye atravè Etazini ak nan mond la.  CFT se yon òganizasyon nasyonal e li se pi gwo pwogram edikasyon pou adilt ki gen sipò endistri nan mond la.  Pwogram fòmasyon ak edikasyon CFT a bay endistri sèvis la ladrès espesifik ak konesans.  CFT se bra edikasyonèl Asosyasyon Bankye Ameriken yo e kou yo se yon pati nan yon kourikoulòm nasyonal pou edikasyon pwolonje.  Lè yon etidyan fini pwogram yo mande a, li ka jwenn yon diplòm AIB endistri yo rekonèt e li ka jwenn èd pou satisfè demann pou resevwa sètifika e pou satisfè egzijans kredi ak degre kolèj.

Pou plis enfòmasyon kontakte: Connie Laguna, Direkte (ris) Egzekitif, 305-237-3051 – www.sfcft.org

Pou lòt enfòmasyon sou pwogram estaj NAF Lekòl Leta Miami-Dade County a, silvouplè kontakte biwo Chwa Lekòl ak Opsyon Paran nan 305-995-1922 oubyen choice.dadeschools.net.  

 

###

12-JJS/309/DF/CM

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès