|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 23 mas 2012 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
DISTRI LEKÒL LA ANKOURAJE ELÈV POU YO RESPEKTE VOLONTE MANMAN TRAYVON MARTIN NAN ONORE MEMWA PITIT GASON LI A
Administratè Lekòl Leta Miami-Dade County te avize elèv yo, pandan distri a respekte santiman yo konsènan lanmò Trayton Martin, ki te yon elèv nan Lekòl Segondè Michael M. Krop, yo ankouraje elèv yo pou bay edikasyon premye plas.
Sipèentandan Lekòl yo Alberto Carvalho di, “Pandan nou respekte ekspresyon emosyon elèv nou yo, nou mande pou yo rete konsantre sou edikasyon yo... Misyon ki pi enpòtan pou nou se bay elèv yon anviwònman ki gen sekirite, e konsa, n ap mande yo pou yo respekte volonte manman Trayvon nan selebre memwa li, pa atravè pwotestasyon, men atravè refleksyon ak patisipasyon sivik.”
Yè, manman Trayvon, Madan Sybrina Fulton, te kontakte Lekòl Leta Miami-Dade County pou di kijan li dezapwouve pwotestasyon elèv e pou ankouraje elèv yo, depreferans, pou siyen petisyon, ale nan rasanbleman òganize, e priye. Jodi a, administratè lekòl segondè Miami-Dade yo pase enfòmasyon sa a bay elèv, ki fè yo konnen, respekte volonte Madan Fulton se meyè fason pou onore memwa Trayvon nan plis diyite posib.
Administratè lekòl ak Polis Lekòl Miami-Dade, ansanm avèk depatman polis nan minisipalite lokal yo ap travay ansanm pou rete vijilan e asire sekirite nan manifestasyon elèv yo.
###
12-JJS/311/CM
Nòt editè a: Silvouplè ensiste sou mesaj Madam Fulton voye bay elèv yo.
Retounen sou Nòt pou Laprès |