|
ELÈV NAN LEKÒL POU ETID AVANSE RESEVWA PI GWO MIAMI–De elèv ki soti nan “School for Advance Studies (SAS)” (Lekòl pou Etid Avanse) pran premye ak dezyèm plas nan Kopetisyon 2012 “Miami Brain Bee”. Anastassia Bokokalonova, yon elèv nan SAS Kanpous Wolfson nan e yon “National Merit Scholar” (Save ki gen Merit Nasyonal) 2012 ki pral ale nan “MIT” an otòn nan, pran premye plas. Jenny Poon, yon elèv nan SAS Kanpous Kendall la pran dezyèm plas nan “Miami Brain Bee” 2012 la. Se Inivèsite Miller Miami Lekòl Medsin, Sosyete Syans Newoloji e Pwojè Miami pou Geri Paralizi ki te patwone evènman an.
Konpetisyon an te ouvè pou elèv nan lekòl segondè 9yèm - 12yèm ane eskolè e fòma a sanble ak konpetisyon konesans nan eple, eksepte li teste konesans elèv yo sou sistèm nève a. Evènman an te fèt samdi 17 mas nan Mize Syans Miami kòm yon pati nan Fwa Sèvo anyèl la.
### 12-JS/314/CF
|