POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 27 mas 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ELÈV FÈ YON VIJIL AK BOUJI NAN MEMWA TRAYVON MARTIN

Prèske 400 elèv ak anplwaye nan Lekòl Segondè Dtè. Michael M. Krop te rankontre ak Manm Komisyon Konsèy Lekòl Dtè. Martin Karp e Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho pandan yon Vigil ak Bouji nan memwa Trayvon Martin, yon elèv lekòl la yo te tiye nan Sanford, Florid 26 fevriye.  Manm Komisyon Konsèy Lekòl Dtè. Martin Karp ak Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho te pale ak elèv yo, ansanm ak Direktè Dawn Baglos, pwofesè Trayvon, Michelle Kypriss, ak Chèf Polis Lekòl Miami-Dade Charles Hurley.

Vigil ak bouji a se te yon opòtinite pou elèv yo onore memwa Trayvon.   Madan Sabryna Fulton, manman Trayvon, ankouraje elèv yo pou siyen petisyon, ale nan rasanbleman ki òganize, e priye kòm fason pou onore memwa pitit li a. 

Pandan Vigil la, elèv yo te li powèm, reflechi sou kondisip yo ak lavi zanmi yo e te entèprete seleksyon mizikal pami yo Ave Maria.

###

12-JS/315/GC/RL

Nòt Editè a: Atachman foto

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès