POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 27 mas 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LEKÒL HOLMES, CENTRAL, EDISON, BOOKER T. WASHINGTON AP SOTI NAN KONDISYON ENTÈVANSYON

MIAMI – Komisyon Edikasyon Eta a anonse jodi a Lekòl Elemantè Holmes ak Lekòl Segondè Booker T. Washington, Miami Central, ak Miami Edison demontre ase pwogrè pou yo soti nan kondisyon “Entèvansyon” dapre demand konfòmite avèk “Differentiated Accountability” (Sistèm Responsablite Baze sou Diferans) eta a. Lekòl yo satisfè demand eta a konsènan plan pou amelyorasyon lekòl, kalite edikatè, ajisteman kourikoulòm, Modèl Amelyorasyon Kontinyèl Florid la, ak siveye pwosesis ak plan.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Sèlman twazan apre eta a te menase pou fèmen yo, lekòl senbòl sa yo kanpe kòm siy espwa ak opòtinite pou kominote yo reprezante yo… Pèseverans, detèminasyon ak yon konsantrasyon sou enstriksyon avèk previzyon, nan men pwofesè ak lidè ekspè e avèk sipò baz kominotè, transfòme non sèlman kalite edikasyon nan anviwònman sa yo, men estanda lavi elèv yo pral jwi alavni.”

Lekòl yo pral soti ofisyèlman nan kondisyon entèvansyon an 1ye jiyè, e yo pap andanje pou yo fèmen yo ankò.

Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantman di, “Sa se yon nouvèl mèveye pou elèv ak pwofesè nou yo ki te travay di anpil… Sa se yon bon desizyon pou timoun, lekòl ak kominote nou yo... Li enpòtan pou elèv ak pwofesè nou yo pwofite chak opòtinite pou demontre yo ka satisfè estanda enstriksyonèl ki rigid e yo ka eksele akademikman.”

Manm Komisyon Konsèy Lekòl Dorothy Bendross-Mindingall di, "Mwen kontan anpil paske ekip edikatè, paran ak lidè kominotè mete ansanm pou yo montre lanmou, devouman, ak respè pou timoun nou yo. Lè yo montre detèminasyon sa a, timoun nou yo jwenn siksè. Yo pa oblije santi yo pa ka aprann ankò."

 

###

12-JS/316/TR/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès