POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 28 mas 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

JODI A YO AP DIFIZE SOU ENTÈNÈT ANDIRÈK SIPÈENTANDAN ALBERTO M. CARVALHO K AP ADRESE SIJÈ SOU IMIGRASYON, LANG

MIAMI – Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ap adrese sijè sou imigrasyon ak lang nan yon diskou espesyal nan Konvansyon Entènasyonal TESOL 2012 ak Ekspozisyon Lang Anglè nan Philadelphia aswè a kòmanse a 5:30 nan aprèmidi. Nou ka wè difizyon sou Entènèt la nan http://abclocal.go.com/wpvi/livenow?id=7129670.

Yo chwazi Carvalho kòm prezantè diskou espesyal sa a paske li defann edikasyon kalite siperyè, kòmanse nan salklas kòm yon pwofesè syans, e atravè direksyon eksepsyonèl li kòm Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade County - katriyèm pi gwo sistèm lekòl nan peyi a.  Anba direksyon Carvalho, Miami-Dade gen pousantaj gradyasyon ki pi wo li pa janm atenn an 2010 e li wè elèv yo  konstamman ap fè pi gwo nòt pase elèv nan menm nivo avèk yo nasyonalman nan egzamen Evalyasyon Nasyonal 2009 pou Pwogrè Edikasyonèl.  Li temwaye devan Kongrè nan plizyè okazyon sou kesyon edikasyon. Distri lekòl Miami-Dade oblije fè fas a 91 pousan timoun ki soti nan fanmi minoritè, plis pase 50 pousan fanmi ki fèt nan lòt peyi e apeprè 75 pousan nan yo pale yon lang lakay yo ki pa Anglè.  

Asosyasyon Entènasyonal TESOL resevwa anyèlman plis pase 6,500 moun ki soti tout kote Ozetazini e atravè mond la nan konvansyon li a.  TESOL se yon kominote pwofesyonèl edikatè, chèchè, administratè ak etidyan ki detèmine pou kontinye bay ekselans nan ansèyman lang Anglè pou moun ki pale lòt lang atravè mond la.  Edikatè nan tout nivo ale nan konvansyon an pou jwenn yon echanj lide pwodiktif ak enfòmasyon e pou yo jwenn sipò yon kominote pwofesyonèl dinamik.  

 

###

12-JS/318/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès