|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 30 mas 2012 |
KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188 |
***NÒT POU LAPRÈS***
LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY AP ANONSE
NOUVO PWOGRAM ENSTRIKSYON DEBAZ SOU FINANS POU ELÈV
|
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Prezidan Burger King Latin America Jose Tomas, Ofisye Egzekitif Anchèf EverFi, Inc. Tom Davidson, kad nan BankUnited, Espirito Santo, ak Florida Community Bank, administratè M-DCPS, elèv, ak sitwayen ki enterese
|
|
Anons yon gwo inisyatif tounèf sou edikasyon e patenarya avèk Burger King, patwonè atravè tout distri a, e patwonè lokal BankUnited, Espirito Santo Bank, ak Florida Community Bank. |
KILÈ: |
Madi 3 avril 2012
12:50 nan aprèmidi – 2:10 nan aprèmidi
|
KI KOTE: |
Miami Edison Senior High School, Auditorium
6161 NW 5th Court
Miami, FL 33127
|
POUKISA: |
Fakti kat kredi, dèt, ekonomi, ak finansman edikasyon siperyè pa toujou priyorite pou pifò elèv lekòl segondè, sepandan desizyon finansye yo fè jodi a ap afekte lavi yo pou lontan. Konsyantizasyon sou finans ki pa byen fèt mete an danje kapasite adolesan pou yo pwogrese nan anviwònman konplèks ak konpetitif jodi a. Anons sa a ap vize kesyon sa a.
Konferansye envite yo pral pale ak elèv lekòl segondè e jenerasyon k ap vini yo sou enpòtans edikasyon finansye, enfòmasyon sou kijan inisyativ edikasyon sa a ap transfòme aprantisaj yo nan salklas la, e valè patenarya piblik-prive genyen nan fè tout bagay sa yo fèt. Yo ap rekonèt elèv paske yo fini pwogram nan, e yo ap entwodui demonstrasyon espesyal kourikoulòm enstriksyon finansye debaz nan salklas lekòl segondè yo andirèk sou Entènèt.
|
# # #
012-JJS/320/VVL/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |